Lòt jou, pandan m' t'ap tann on zanmi mwen nan on buwo publik, mwen wè on lòt zanmi-m ki t'ap pase nan lot bò lari-a. Mwen te bezwen li pou on bagay byen enpòtan.
Kòm mwen pa te ka soti pou mwen rele li nan moman sa-a (m' te nan 2èm etaj), mwen konpoze nimewo telefòn selilè li. Li gade ekran-an, li san dout wè nimewo ki monte-a. M'ap gade li ki peze on bouton epi se konsa apèl la pa pase.
Mwen menm ki panse se on pwoblèm teknik ki te genyen, mwen eseye on dezyèm fwa. Fwa sa-a, li gade ankò epi li fè on sèl kout san! Li peze on bouton ankò, epi li lage telefòn nan anndan on ti valiz li te gen nan men-l. Pandan tan sa-a, sel opsyon mwen te genyen se kite on mesaj pou li. M' pa kite mesaj la non. M' pa janm sezi konsa.
M' pa konn' pouki sa pase konsa, men mwen pa ka kache di ou nan ki eta mwen te wont.
Sa-w t'ap fè si se te ou?

Comments
Prochenn fwa itilize vwa'w
Wolf Pepe
Sim te ou, mwen tap decu, men mwen pa tap wont. Se moun sa ki pou wont! Petet ke li te gen on pwoblem, li pat vle pale ak moun. Men, si li wew ensiste relel, li ta au moins mandew saw genyen, epi li ta diw ke li pa sou pale nan moman sa! Men, pa enkyetew! Se konsa nou menm lezom nou ye!
Michel B
VSG
poze toujou,wap dekouvri plis ke sa toujou,lezom konsa men'm yo manke ampil kouraj,
rele'l toujou,jistan li men'm li diw li pa bezwen pale avek ou anko...
A.s.j.
nan lavi gen tout kalite zanmi tout kalite moun.on dominikain ki rele JUAN li pale kreol byen on jou li dim konsa tout moun gen on ti kochon kache nan yo ........... sa se pou kapab kompran .........
savoir vivre di le ou we on moun nan on long distance ou met beswen li anpil ou pa dwe rele li byen fo sa GAM fe a li tres inportant li rele li pito se pa okenn tecnologie se kesyon de edukacion . mezanmi ann nou apran kiltive les bonnes manieres sa ap itil ou.........
Tam